KLR FM

Musiques Sans Frontieres

Current track

Title

Artist


Nouvo Album Klass

Written by on June 23, 2019

Klass “Ret Nan Liy ou”

Klass se yon group mizikal Konpa ki fome pandan lane 2013 apre ke Maestro Richie te separe ak Group Mizikal Zenglen kote li te fe anpil sikse’ nan HMI la.

Premye album ” fel vini avan” te ateri sou mache HMI la an lane 2013 ki gen 11 tracks sou li. An 2016, 3 ans apre premye album lan yo lage yon lot hit album kite chaje ak slogan ki te fe melomane yo fredone ase souvan pami yo te gen ” Ma p Marye”. Album sa tegen 11 track sou li et ki gen kom tit ” Fel Ak Tout Ke’w “.

Nou we Klass pat chita gade yo te kontinue travay di pou fanatik yo. 13 Mai 2019 nan apre midi, Klass te prezante nouvo album ki se 3 album li devan lapress nan Petivionville, Ayiti ” Ret Nan Liy Ou “. Ki genyen 8 tracks sou li. Prezantasyon sa te fet ak Maestro Richie et Lead vocal Pipo. 2019 deja make 3 ane depi denye album lan te soti, nou konnen ke fanatik klass te aswafe pwodui ki sou mache a. An swiv pou nou we ki track kap fe hit sou album nan pandan ete a.

Achte album nan, telechaje ou CD…. Supote Yo!


Reader's opinions

Leave a Reply


Continue reading