KLR FM

Musiques Sans Frontieres

Current track

Title

Artist


Kai- Criminel

Criminèl ▪ Stream/download ➡ https://fanlink.to/bHRY

Kaï – YouTube : http://bit.ly/2KS2ZLG

Auteur : Richard Cavé
Compositeur : Richard Cavé
Arrangements : Richard Cavé / Claude Porsenna (aka El Chapo)

Réalisé par Smith Etienne

—————————————-
LYRICS
—————————————-

Se ou – mpa tande
Se mwen – chante
Se ou – mpa tande
Se mwen

Li pa fasil lèw ajenou e w konn pouki
Pouki demen gen gou chagren, sanble doulè
Lè w bay tout sak genyen nan ou
Tout sa k lanmou
Tout saw konnen ki rele renmen san rechiyen
Mwen fè tout sa w vle
Mwen kite fanmim ak zanmi m
Paskem konnen – se ou, se mwen
M pa tande – se ou, se mwen
Mwen fè tout sa ou vle
Mabandone la sosyéte
Paske m konnen – se ou, se mwen
M pa tande – se ou, se mwen
Malgré sa ou pa konprann
Ou fè mal
Ou criminèl, criminèl
Si w ka kite lanmou sa a – fo w criminèl
Cheri w criminèl o criminèl
Si w ka volè lanmou sa a
Fo w criminèl
Si w ka fèm mal konsa

Yeah
Se ou – mpa tande
Se mwen – chante
Se ou – mpa tande
Se mwen

Solèy la ka bliye levè, se zafè pa l
Fènwa se lè w sispann gade m, lèw rejete m
O lanmou fè m fou, li pote m ale, mwen kondane
Tankou enprent yon move rèv, mwen vle bliye w
Mwen fè tout sa w vle
Mwen kite fanmim ak zanmi m
Paskem konnen – se ou, se mwen
M pa tande – se ou, se mwen
Mwen fè tout sa ou vle
Mabandone la sosyéte
Paske m konnen – se ou, se mwen
M pa tande – se ou, se mwen
Malgré sa ou pa konprann
Ou fè mal

Ou criminèl, criminèl
Si w ka kite lanmou sa a – fo w criminèl
Cheri w criminèl o criminèl
Si w ka volè lanmou sa a
Fo w criminèl
Si w ka fèm mal konsa

El Chapo
Tout moun gen djaz, men tout moun pa gen Kai

Mwen sakrifie
Mwen fè sa tout sa ou vle
Mwen sakrifye e e

Ase ase – asasen
Ase ase – ou son asasen
Ou dim ou pral chanje
E mwen vle kwèw, se vre
Depiw pa bo kote m
Mwen santi wap twonpe m
Ase ase – asasen
Ase ase – ou son asasen
Depiw pa bo kote m
Mwen santi wap twonpe m
Mwen sacrifye
Mwen fè sa tout sa ou vle
Mwen sakrifye e e

Ou se criminèl, criminèl
Si w ka kite lanmou sa a – fo w criminèl
cheri w criminèl o criminèl

Si w ka volè lanmou sa a – Fo w criminèl

Ou son criminèl
Si w ka fè m mal konsa

Yeah
Se ou, se mwen


Reader's opinions

Leave a Reply