KLR FM

Musiques Sans Frontieres

Current track

Title

Artist


Bio: System Band

Written by on December 24, 2018

System Band, yon jazz Ayisien ki jwe kompa et ki fonde an 1980 pa 2 ansien mizisien Freres Dejean. Jazz la te kraze an 2011, apre yo te gentan prodwi plis ke 20 albums. an 2014 Isnard Douby leader jazz te anonse ke system Band ap retounen. an 2015 yo soti album ” Yo Pa Pe”.
Istwa System Band
System Band fonde an 1980 pa Isnard Douby & Harold Joseph ki te ansien mizisien Freres Dejean. Yo te antroure ak Mizisien ki te fome ke’ jazz la. Depi jazz la te kreye, yo te vini yon ” major player of the HMI”. anba leadership Isnard Douby, Sysem Band release on kantite number one hits ki fe parti repetwa klassic mizik Ayisienn ak Karayib la.
“Conplainte” se premie hit single System Band, ekri par Insard Douby & Harold Joseph. Mizik sa te soti nan album ” Banm Pase” and 1980. an 1982 yo te release yo mizik lanmou ki rele ‘ Chagrin Damou” ekri pa Douby et Harold. Se nan Menm ane sa yo te komanse travay an kolaborasion avek Marc Chevalier, Manger Jazz la.
an 1983, mizik ki gen pou tit ” vakans” te fe anpil bri kite fel klasse kom hit trak pandan ete a. Pa Pile” kite soti nan menm album lan, kite ekri pa Isnard Douby, se nan mizik sa ke System te intwodwi pou premye fwa groove Sound ” Kitel Mache ” nan Kompa Mizik Industri a.
An 1988, Sytem Band te rankontre ak yon Mizisien/ song writer ki chaje ak talan ki rele Michel-ang Bazile. Rankont sa te vreman afekte System Band nan on sas pozitif. Mizik Michel-Angae pote jazz nan on lot nivo avek mizik ki gen anpil pwa, liriks ki te influanse population Ayisien an pandan kriz politik. Nan mitan yo te gen ” Move Souveni” and 1989, kite inspire pa lamo jean batiste Edouard, keyboardis jazz la. Trak ” Fierte Nationale ” and 1991 se on lot exanp ki make evolution mizikal.
System fe on paket hit mizik, plizie’ nan memb jazz kontribue nan sukse’ hit sa yo. Reginald Benjamin kise Groove touch system band compze plizie bout mizik tankou ” Anita” an 1986. 2 an apre ” Ou Pa Kanpe sou anyen” kite intwodwi on nouvo konpa stil. an 1982 Mizik ak titre ” “Rencontre inoubiliable” et ” Moun mele” en 1993 te ekri pa lead guitarist Jazz la.
Yon lot guitaris Ronald Smith te patisipe nan ekri mizik ki fe hit nan System Band tankou ” “Banm pase” & “Innocent ” an 1986, “Dom Laj” & “Ou fe’m Rele ” an 1993. Yo lot mizisien kite chaje ak talan nan System Band se Michel Blaise ki chante, jwe battri, percussion ou tanbou. li te ekri mizik tankou ” Beeper” nan albumm “kote ou ye la”, “Viagra” ” Baton Moise la” nan ane 1999-2001.
Pou yon vre fanatik System Band li inposib pou yo moun ta di System Band pouw pa mansyone Ti Mitou aka Fritz Bernard Frederic. yon mzisien, yon chante’ legende’ ki antre nan system Band and 1981 et ki patisipe nan tout album jass la kom chante’ ak percusionis. Ti Mitou chante plizie’ hit mizik nan System, tankou “Systemania, lavie, ou sou bloff, toujou zanmi, rele sou ko ou”. Malerezman an 2001 Ti Mitou te sispan pefome ak jazz la akoz de maladi. Fritz Bernard Frederic alias Ti Mitou te mouri an Fevrie 2007 ki te on ped kapital pou System Band ak tout fanatik yo.
an 2001, System Band te release yon album titre ” se Nou k kon’n fel” se nan album sa Nido Noel & jame Douze’s fe debu kom chante nan System Band. An 2014 isnard Douby anonse retou System apre kelke ane separasyon pou pwoblem administrasyon. An Mas 2015 yo siyen kontra ofisiel ki fe retou System Band Legal.
Anbasade pou Kilti Ayisienn
System se on “core” group nan KMI la et yon nan vre anbasade’ Mizik Aisienn lan nan kominote international la. Yo Pefome a paris 1998 & 1999, nan Lincoln Center for the performing Arts, Dewitt Clinton Park et Boys & Girls High School in NYC. System pataje scene avek kek mizik lejand tannkou Kassav Ritz Teatre an 1992, Mighty Sparrow & Queen Latifah devan plis ke 100 mil moun kote yo te jwe plizie stil mizk tankou Jazz, RNB, Mizik Latin.
Stil Mizik System Band
Stil mizik System Band se modenizasyon orijinal konpa Nemours Jean Baptiste la. Ou ka identifie stil sa pa groov sound gita mix ak son koral , mizik rasin, Funk ki akonpanie pa son tanbou a. Son sa tipikman as System Band, et yo rele l ” Kompa Matiavel “. System se yon nan jazz ki pote plis medenizasyon nan Konpa Mizik Indistri a. yo resevwa nomination pou ” carribean Music Award” pou mizik Se ou m vle”, the Appolo Award et an 1997 yo te kalifie kom ” Best Haitian Band”. sytem relase plis ke 36 albums.
Manm System Band yo
As of 2016, members of the reformed band “System Band #1” are[6]
** Isnard Douby (Leader and Lead vocals)
** Darbens Chery (vocals)
** Réginald Benjamin (Lead Guitar)
** Ernst Vincent “Tinès” (bass guitar)
** Jean-Maurice Mathurin (drums)
** Martial Bigaud (congas)
** David Rizza Salvatore (percussions)
** Rody Apollon (keyboard)
** Frantz Bellevue (guitar)
** Frantz Carries (trombone)


Reader's opinions

Leave a Reply